15.2.06

55

yo met yon mas sou figi Ayiti
mas la pran ri
li ri tout wa ak renn kanaval
e tout lòt madriga mal maske
k’ap chante ponpe danse
an Ayiti tankou aletranje
olye nèg ap prepare revolisyon
yo tonbe lan pyèj eleksyon
mas-la ri jouk kò-l fè l’mal

yo met yon mas sou figi Ayiti
mas la pran kriye
dlo ki soti lan je-l wouj tankou san
san ki te kouri lan je Jak Aleksi
san tout moun makout touye
san prizonye lame ap tòtire
san peyizan grangou ap fin manje
san malere boujwa ap esplwate
san ti Jozèf gwo zouzounn ap souse

yo achte-n an kreyòl
yo vann nou an franse
yo achte-n pou senk kòb
yo vann nou pou dola
men pa pè ti frè pa pè
tout madigra gen pou vole gagè
tankou Kiba Vyetnam Angola
Ayiti va pran chemen geriya
Ayiti va pran chemen libète

*

they put a mask on Haiti’s face
the mask starts laughing
it laughs at all the carnival kings and queens
and at all the other badly adjusted masks
that are singing jumping dancing
in Haiti as well as in exile
instead of preparing the revolution
they fell into the trap of elections
the mask laughs until its body aches

they put a mask on Haiti’s face
the mask starts crying
tears falling from its eyes are red as blood
the blood that ran from the eyes of Jacques Alexis
the blood of all the people the macoutes killed
the blood of all the prisoners the army tortured
the blood of the peasants hunger is devouring
the blood of the poor that the rich are exploiting
the blood of the little guys the bigshots are sucking

they buy us in Creole
they sell us in French
they buy us for pennies
they sell us for dollars
but don’t worry young brother don’t worry
all the clowns are gonna have to beat it
Like Cuba Vietnam Angola
Haiti’s taking the path of the guerrilla
Haiti’s taking the road to liberty

-- Pòl Larak / Paul Laraque

0 Comments:

Post a Comment

<< Home